Fontamara: Antèman Raymonica Jean Felix chante anba gwo kout bal

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto: Makendy Victor

Se maten 8 oktòb 2022 a, antèman jenn demwazèl 21 lane a, Raymonica Jean Felix, chante nan zòn Fontamara 27, anba anpil kout bal, fanmi zanmi pwòch viktim nan te vin rann li yon dènye omaj.

 

Li fèt yon 17 septanm 2001, li pèdi lavi l nan dat 1ye oktòb 2022, andedan yon katye nan zòn Fontamara, pandan li ta pral achte fab pou l lave kèk rad, alòske li te apenn sot nan antèman madanm yon pastè legliz li. Se yon bal mawon li te pran nan do, li ta pral rann dènye soupi li sou moto pandan yo tap kouri lopital ak li, paske bal la te gentan touche nivo kè li.

 

Ak dlo nan zye, fanmi demwazèl la pat gen fòs ankò pou danse konpa lanmò trajik sa a te pote, manman Raymonica, Madam Raymonde Felix, pat ka kenbe kòl, pandan tout fineray la a, se manm akèy yo ki te blije kenbe l paske li te enkontwolab. « Se pa Bondye ki pranl, se Leta ki touye l » manman viktim nan pat sispann repete.

 

1ye oktòb sa a te kite yon gou anmè nan antouraj jenn demwazèl sa a ki ta pral fini filozofi li ane sa a, depi anvan menm planifikasyon reouvèti lekòl la , inifòm Raymonica te gentan fèt, liv ak lòt akseswa te deja prè, tèlman li te swaf akonpli rèv sa a. Domaj, yon grenn bal te sifi pou te etenn zetwal ti lèzany lan, ki potko menm fin briye, paske rèv li se te vin yon medsen pou itil sosyete l. Se gran frè li ki te fè biyografi a, atravè yon odyo, paske li pap viv Ayiti. « Petèt mond sa a te twò mechan pou li, petèt li te twò fèb poul te afwontre mechanste lèzòm sou ti bout tè sa a. Ray, ou ale ak sajès ou, enèji w rete nan nou», te deklare gran frè li.

 

 

Nap raple, Raymonica Jean Felix pèdi lavi l nan yon sikonstans malonèt, sou konsyans nèg ak zam ki achte katye popilè yo ak lajan kontan, ki pa sispann gaspiye lavi malere ak malerèz sou pretèks,  » pou dirije plis tèritwa » espasyalman « Tibwa » ak « Gran Ravin ». Antouka, konsyans pa egziste pou yo ankò paske, « yo se yon senp travayè».

 

Redaksyon NètAlKole Média, pataje senpati li ak fanmi Jean Felix epi zanmi pwòch viktim nan Raymonica Jean Felix.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.