Ariel Henry ak DG PNH la debake nan vil Okap pou selebrasyon fèt drapo a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ariel henry ak dg pnh la debake nan vil okap pou selebrasyon fèt drapo a
Ekip kominikasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti a (PNH), nan yon nòt ki pibliye jodi mèkredi 17 me a, fè konnen aktyèlman Direktè jeneral enterimè PNH la, Frantz Elbé, ak Premye minis Ariel Henry rive nan Depatman Nò peyi a nan kad aktivite komemoratif 220èm anivèsè drapo ayisyen an.
Daprè nòt entitisyon Lapolis la, Kòmandan an chèf PNH la, Frantz Elbé, te akonpanye ak manm nan Wo kòmandman lapolis la ki gen ladan l enspektè jeneral an chèf, Fritz St-Fort, enspektè Jeneral Alain Auguste, Direktè Santral Lapolis Administratif la (DCPA), elatriye… pou kapab patisipe nan selebrasyon fèt drapo a.
“Byen bonè mèkredi 17 me 2023 sa a, delegasyon Lapolis Nasyonal la te akeyi nan Ayopò entènasyonal Okap la, Premye minis Doktè Ariel Henry ak manm gouvènman li an”, ekri PNH la  nan nòt li an, tout pandan li fè konnen ane sa a gouvènman ayisyen an chwazi depatman Nò a pou òganize fèt ofisyèl yo ki make komemorasyon fèt ble ak wouj la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.