Lameri Tomond mande chak sitwayen konpòte yo tankou sòlda pou pwoteje katye yo

Netalkole Media
Par Netalkole Media
lameri tomond mande chak sitwayen konpòte yo tankou sòlda pou pwoteje katye yo
Bandi ak zam gen entèdiksyon pou met pye Tomond. Nan yon sikilè administrasyon minisipal Tomond lan pibliye, li fè konnen, pou bay Lapolis bourad, gen plizyè egzijans yo fè ak tout sitwayen yo pou garanti sekirite nan komin lan.
Nan sikilè sa a ki pote siyati Majistra prensipal la, Matheus  Bernado, Lameri Tomond fè konnen pyès moun Tomond pa gendwa resevwa yon etranje lakay li san l pa pase ak li nan Lameri oswa nan Biwo yon chèf seksyon oubyen komisariya Lapolis la pou deklarasyon.
Mete sou sa, Lameri Tomond di tou, yon moun Tomond ki kite zòn lan depi senk (5) lane epi ki vle retounen, dwe pase deklare prezans li nan Lameri oswa nan Biwo yon Chèf Seksyon oubyen Lapolis. Epitou, yon sitwayen ki remake yon etranje sispèk nan vwazinaj lakay li, dwe kouri rele Lapolis oswa enfòme Lameri pou vin kesyone endividi sa a.
Se sak fè, Lameri Tomond envite Jij depè yo pou mete yo disponib pou tout fouy Lapolis, tout pandan yo presize Lameri, Chèf Seksyon yo, konte fè sa lannwit kou lajounen nan nenpòt kay ki ta gen sispèk ladan l.
Bò kote pa sitwayen yo, otorite minisipalite Tomond yo envite chak  grenn moun nan popilasyon an pou konpòte yo tankou sòlda pou garanti lapè ak sekirite nan katye yo. Pou sa, yo entèdi tout chofè moto ni machin pote moun san pyès idantite sou yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.