Ariel Henry anonse ajisteman pri gaz la, peyi a tou bloke 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ariel henry anonse ajisteman pri gaz la, peyi a tou bloke 

Depi ayè lendi 13 septanm nan, lari Pòtoprens ak plizyè vil ki nan pwovens leve cho kou vè lanp aprè Premye minis peyi a Ariel Henry te anonse pri gaz la ap monte nan jou k ap vini la yo paske Leta ayisyen paka sibvansyone l ankò.  

Aprè yon adrès ak nasyon an nan lannwit dimanch 11 septanm nan sou plizyè pwen, pami yo ajisteman pri gaz la, pèp la pa t pran tan pou bloke lari a ak yon estrateji san parèy epi paralize sikilasyon woutyè a totalman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, nan Pòtoprens ak nan kèk vil tankou Gonayiv, Okap, Jakmèl, Okay, Tigwav, elatriye, pèp la bare anwo bare anba ak tout sa yo jwenn sou wout yo tankou pano pou fè piblisite, poubèl fatra, gwo boul wòch ak kawoutchou k ap boule. 

Nan kèk lokalite sitou nan pwovens yo, gen kote pwotestatè yo koupe pye bwa pou bloke wout yo pou machin ak moto pa pase. Nan Pòtoprens gen kote moun yo kloure tòl epi enstale baryè pou anpeche pasaj menm pou pyeton prèske. 

N ap raple, plizyè enfòmasyon ki pa konfime te rapòte ayè pandan jounen an pri galon gazolin nan ap kite 250 goud pou pase ak omwen 500 goud. Pèp la annik pran nouvèl la, li sòti grif li epi sèmante kou sa pa p pase.  

Pèp la, pandan y ap pwoteste kont pri gaz la Leta ka ogmante paske yo di yo paka sibvansyone l ankò, te tou pwofite mande lokatè Primati a rache manyòk li sou pouvwa paske l pa p regle anyen, san konte non l site lanmò prezidan Repiblik la. Yo denonse ensekirite ak lavi chè a k ap vale teren tou depi kèk tan  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.