Vil Okay frèt tankou boul mab, tout mouvman paralize 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
vil okay frèt tankou boul mab, tout mouvman paralize 

Vil Okay te leve sonm nan kèk zòn depi ayè lendi an pou rive maten madi 13 septanm lan. Pa gen barikad jan sa te ye semèn ki sot pase a, machin trafik yo travay timidman. 

Kontrèman ak semèn ki sot pase a, vil Okay la frèt tankou boul mab pandan 2 premye jou yo nan semèn sa a, nan plizyè rakwen vil la nou pa konstate barikad nan lari yo ni kawotchyou kap boule, alòske, zòn ki mennen nan simityè a toujou bloke. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dapre obsèvasyon kòlèg yo sou tèren an, machin yo reprann aktivite trafik la dousman. Biwo transfè ak bank komèsyal yo ap eseye louvri pòt yo youn pa youn. 

Motosiklèt ka sikile nòmalman. Men, nou a remake kamyon yo paske wout prensipal yo bay aksè nan vil yo toujou bloke. 

Fòk nou raple tou, te gen yon magazen manifestan yo te piye aprè yon dechoukay ki te fèt pandan popilasyon Okay la tap manifeste kont lavi chè, rate gaz, enjerans leta a elatriye. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.