Lapolis mande ak tout manifestan respekte limit enstitisyon an ba yo nan mouvman yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Polisye kap kouri aprè yon gaz lakrimojèn yo lanse nan yon manifestasyon|, Foto : Jean Marc Abelard

Nan yon nòt tout louvri ansanm ak yon videyo k ap sikile sou paj Facebook enstitisyon Polis Nasyonal Dayiti a, ayè lendi 12 Septanm 2022 a, lapolis mande tout moun k ap manifeste ak moun k ap òganize manifestasyon pou yo respekte limit lalwa defini pandan y ap revandike Dwa manman lwa peyi a ba yo. 

Denyè tan sa yo, peyi a boulvèse nan dènye pwen li. Pèp la sanble vle mete pye l atè pou tout bon pou l di l bouke, li pa kapab ankò, li pa dakò ak jan moun yo rele otorite isit yo ap mennen bak peyi a. Anplis kriz gaz k ap brase bil peyi a, ou jwenn lavi chè k ap egzajere chak jou pi plis. Sitiyasyon sa yo jwenn ak yon banm lòt tankou ensekirite a ki parèt konplike pou lapolis jere daprè konsta anpil moun fè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan sans sa a, Lapolis Nasyonal mande pou pou tout moun k ap manifeste ak òganizatè manifestasyon yo espesyalman pou respekte limit lalwa defini nan sa ki gen pou wè ak mouvman pwotestasyon k ap fèt nan lari yo. 

Nan nòt sila a, fòs lòd yo di yo rekonèt dwa tout moun genyen pou yo fè tande vwa yo, men lapolis la p ap tolere okenn atak sou lavi moun ni zak briganday ak latwoublay sou byen moun ak byen Leta. 

N ap raple denyè tan sa yo, anpil moun deplore epi kondane zak maspinay Lapolis fè sou moun yo nan manifestasyon yo. Pi mal, yon  polisye tire nan pye yon jounalis kap egzèse metye l san koze pwoblèm ak ajan polis yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.