Nan yon korespondans Premye Minis Ariel Henry te voye bay Michel Patrick Boisvert, Minis Ekonomi ak Finans lan nan dat ki te 30 septanm 2022 a, Chèf gouvènman mande MEF pou li sispann debouse kòb nan benefis CSPJ, Paske konsèy la poko ka jistifye epi founi bon jan rapò yo.
Lokatè Primati a, nan korespondans li te adrese ak Minis Ekonomi ak Finans lan di otorizasyon ki te bay eksepsyonèlman Sekretè Teknik Konsèy Siperyè Jidisyè a (CSPJ) pou ka planifye depans enstitisyon an pa valab ankò jodi a, nan dat fen ane fiskal 2021 la 2022.
Newochirijyen, nan korespondans li an te tou pwofite pou l mande yon rapò detaye sou itilizasyon lajan yo bay Sekretè Teknik Konsèy Siperyè Lajistis (CSPJ) la.
Kòm jistifikasyon, Doktè Ariel Henry mansyone rapò ki pa bay sou depans CSPJ a, alòske gouvènman an pat pibliye yon rapò sou lajan yo te asiyen nan pwogram apèzman sosyal la.
Sekretè teknik kò administratif lajistis la te resevwa, nan dat 13 septanm 2021, otorizasyon Premye Minis, Ariel Henry pou l pwograme depans CSPJ a jiskaske prezidans enstitisyon sa a te etabli.