2 lane aprè sasinay Gregory Saint-Hilaire : Ankèt la toujou nan tiwa, rèv yo kontinye ap pase anba pye

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
2 lane aprè sasinay gregory saint hilaire ankèt la toujou nan tiwa, rèv yo kontinye ap pase anba pye

2 oktòb 2020 – 2 oktòb 2022, sa fè deja 2 lane depi yo te touye etidyan  » École Normale Supérieur » a nan lokal fakilte a. Pou make jou sa a, fanmi viktim nan te pran angajman pou yo òganize yon sesyon refleksyon sou vizyon li, plizyè reklamasyon li yo ak evalye pwogrè ki fèt apre asasina li. Grégory Saint-Hilaire mouri men revandikasyon li rete vivan nan lespri moun.  

Otan lajistis krache sou lanmò jenn defen an, okenn avanse pa fèt nan dosye a, kanmarad li yo kwè pouvwa ki an plas la, sitou  Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Pwofesè Nesmy Manigat, swa ap pase nan betiz etidyan stajyè yo nan ENS la, oubyen tou senpleman vle jwenn silans yo lè li te chwazi bay non plizyè santèn nan yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sepandan, nèf (9) mwa aprè, etidyan entèn yo poko peye, deplore youn nan kanmarad li yo.  

Li raple tou, etidyan Grégory Saint-Hilaire te detèmine pou l goumen pou aplikasyon memorandòm antant ki te siyen ant otorite MENFP yo ak  » École Normale Supérieur (ENS) » ki gen rapò ak entegrasyon etidyan yo nan sistèm edikasyon atravè estaj peye….. Nou ta dwe remake,  etidyan Grégory Saint-Hilaire mouri anba bal plizyè ajan polis, pandan yon mouvman etidyan kont pouvwa defen prezidan Jovenel Moïse tap dirije a. 

Se Yon ajan nan Inite Sekirite Jeneral  Palè Nasyonal (USGPN), ki te komèt zak malonèt sila a, ki swivi ki fèt? Antouka, dosye a pa menm enskri nan kaye bouyon lajistis. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.