Asosyasyon grefye yo mande liberasyon jij Ikenson Edumé, kidnape depi plis pase 10 jou

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
asosyasyon grefye yo mande liberasyon jij ikenson edumé, kidnape depi plis pase 10 jou

Asosyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen yo di yo te aprann ak endiyasyon nouvèl kidnapin jij Ikenson Édumé. Kidnapin ansyen prezidan Rezo Nasyonal Majistra ayisyen yo (RENAMAH), te dewoule nan aprèmidi madi 21 mas 2023 a, nan Petyonvil.

Asosyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen (ANAGH) yo ki kondane zak sa a ak tout fòs, lanse yon apèl bay otorite konpetan yo pou yo ka pran dispozisyon ki nesesè pou mennen nan lage pwofesè inivèsite a, ki se yon jistis lapè tou nan komin Delma.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mete sou sa, ANAGH pwofite mande dirijan ki sou pouvwa yo pou yo fè tout sa ki posib pou frennen fenomèn kidnapin ki ap pran yon pwopòsyon alamant nan sosyete Ayisyèn nan, kote pèsonn pa epagnye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.