Ansyen antrenè Brighton nan pase selman 7 mwa nan tèt ekip Chelsea a, aprè defèt Blues yo fas ekip Aston Villa (0-2) nan Premier League la, direijan klèb Lond lan deside revoke Graham Potter. Se menn bagay la pou Brendan Rogers, yo revoke nan tèt ekip Leicester a pou move rezilta.
Aprè defèt ekip Chelsea an fas Aston Villa, Graham Potter te gentan santi l ka pèdi travay li, li te menn rive mande konkou fanatik yo, men sa pa anpeche klèb la revoke l. Yon posibilite pou ansyen Coach Bayern Munich lan, Negelsman ta vin fini sezon an ak Blues yo.
Nan yon kominike, pwopriyetè Chelsea an, Todd Boehly anonse revokasyon Graham Potter nan tèt ekip Chelsea a.
« Nan non tout moun klèb la, n ap di Graham Potter mèsi pou kontribisyon li. Nou gen anpil respè pou li antanke antrenè ak moun li ye a tou. Li te toujou konpòte l an bon pwofesyonèl, li se yon moun ki respekte tèt li. Nou pa kontan ak rezilta li yo. » Se sa pwopriyetè a fè konnen.
Malgre ekip la te mete anpil kòb (600 milyon ewo) pou achte jwè, rezilta yo pa janm vini, ekip la toujou ap mòde lage. Potter se pi move antrenè klèb la te ka genyen nan sa ki gen pou wè ak estatistik. Pou match pou sezon sa, li fè 12 viktwa, li pèdi 11 match ak 8 match nil.
Chelsea ki nan 11zyèm plas nan klasman chanpyona ak 38 pwen riske pa al jwe Champions League la sezon kap vini. Blues yo ki kalifye pou C1 an sezon sa, pral chache bat Real Madrid nan kadefinal.
Facebook Comments