Atis Atros viktim 4 bal nan zòn Dèlma 75 aswè 23 mas la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
atis atros viktim 4 bal nan zòn dèlma 75 aswè 23 mas la
Nan aswè Jedi 23 mas 2023 a atis Rockfam Lame a Stevenson Telfort, anpil moun konnen sou non ATROS viktim 4 bal anba men endividi ak zam moun pa rive idantifye. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan redaksyon NetAlKole Média a.
Stevenson Telfort, rapè gwoup rap Rockfam Lame a, viktim anba plizyè kout bal nèg ak zam moun pa rive idantifye, nan zòn Dèlma 75. Enfòmasyon an pataje sou gwoup WhatsApp redaksyon an nan lè 8è PM yo, kèk sitwayen ki te prezan fè konnen te gen anpil tire nan zòn nan vre, men yo pa idantifye lotè zak briganday sila a.
Enfòmasyon yo kontinye pou konfime, atis la ap resevwa swen nan youn nan lopital nan kapital la, aprè zak la, yo te kouri lopital ak li nan sousi pou sove lavi rapè a.
N ap raple, rapè gwoup rap la te youn nan responsab yo pou reyalizasyon Kanaval 2023 Pòtoprens lan, pou moman n ap ekri atik sa a 8 : 35 PM, nou poko gen pyès detay sou rezon atak sa, si se yon tantativ sasinay sou atis la, oubyen si se yon aksidan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.