Revokasyon Julian Nagelsmann nan tèt ekip Bayern Munich lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
revokasyon julian nagelsmann nan tèt ekip bayern munich lan

Yon nouvèl ki rive kòm yon sipriz. Direksyon Bayern Munich lan deside revoke Julian Nagelsmann nan tèt ekip la, avan menm fen sezon an k ap rive nan anviwon twa mwa ankò.

Malgre yon kalifikasyon pou kadefinal Lig dè Chanpyon an sezon sa, dirijan Bavawa yo pa satisfè de pèfòmans global ekip la ki aktyèlman dezyèm nan Bundesliga a dèyè Borussia Dortmund ki pran tèt klasman an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jodi jedi an, direksyon Bayern Munich lan deside revoke antrenè alman 35 lane an, kote yo kapab chwazi ansyen antrenè Chelsea an, Thomas Tuchel, pou ranplase l avan menm fen sezon an daprè jounal Bild.

Yon desizyon ki vini sitou aprè defèt Bayern Munich (1-2) wikenn ki sot pase an kont Bayern Leverkusen ki lakoz yo desann nan dezyèm plas klasman Bundesliga a.

Julian Nagelsmann ki te rive nan tèt Bayern Munich nan lane 2021 aprè yon pasaj reyisi nan RB Leipzig, pèdi djòb antrenè li an nan tèt klèb Bavawa a kote pandan prèske 2 sezon li pase yo li ranpòte yon Bundesliga ak 2 Sipèkoup Almay nan lane 2021 ak 2022.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.