Atros koumanse retabli, kontinye kenbe l nan lapriyè !

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Atros koumanse retabli, kontinye kenbe l nan lapriyè
Stevenson Telfort, anpil moun abitye ak li sou non Atros, kòmanse retabli aprè atak nèg zam te fè sou li ayè jedi 23 mas 2023 a, nan zòn Dèlma 75 touprè lakay li.
Nan lopital li t ap resevwa swen an, ki, pou rezon sekirite atis la nou pa chwazi site non l, te pran anpil responsabilite anvè rapè gwoup Rockfam Lame a pou sove l anba 6 bal ki te manke wete lavi l, nouvèl la ki konfime sou gwoup WhatsApp redaksyon NetAlKole Média a, fè konnen atis la koumanse reprann bon sans li, pwofesyonèl lasante yo ki te angaje pou premye swen atis la retire avèk siksè, tout bal yo ki te nan kò atis la.
Dram sila a te gentan plane gwo laperèz nan mitan fanmi, zanmi ak fanatik atis la, enfòmasyon yo revele, se ta yon zanmi atis la ki te vin mande l sèvis pou bal direktiv ak yon E-mail li te resevwa nan kad Pwogram Imanitè Biden lan, se pandan Atros ap pwomennen ak zanmi an anpil moun konnen sou non Lepè, yon gwoup nèg ak zam moun pa t rive idantifye gaye yon rafal katouch sou mesye yo. Zanmi an, Lepè, malerezman pat ka reziste paske pou kont pa l, li te resevwa 15 bal, Atros te resevwa 6 bal daprè dènye enfòmasyon yo.
Lepè, ki se yon bon grenn kòkòday atis la, pase nan chimen lavi ak lanmò, malgre Atros rete anvi, nouvèl lanmò zanmi an sekwe fanmi Atros paske yo te pataje bon jan lamitye ak li.
Pou kouwèl ye la a, Atros toujou nan sal li nan lopital la, jiskaske pèsonèl lasante yo bay lòd deplasman l, konsènan enfòmasyon ki ta fè kwè Atros nan yon lopital nan peyi Cuba, nou pa an mezi pou reponn ak kesyon sa a, paske estaf Atros la vle kenbe tout enfòmasyon sou lokalizasyon atis la konfidansyèl.
Redaksyon NetAlKole Média vle swete Atros pou l kenbe fò pandan moman difisil sa a, epi pataje senpati ak fanmi zanmi rapè a (Lepè), li enpòtan pou chak Ayisyen kontinye kenbe Atis la nan lapriyè pandan moman nwa sa a, epi pataje lanmou ak li sou rezo sosyal yo, pou ede l kenbe moral li pi djanm.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.