Nan yon kominike ki pibliye jodi vandredi 24 mas 2023 a, Bank nasyonal kredi (BNC) anonse li fèmen pou yon ti bout tan sikisal li genyen nan Ri Pave an akoz ensekirite ki gen nan zòn sa.
Sikisal sa ki twouve l nan perimèt Bèlè, teyat afwontman ant divès gwoup ame semèn ki sot pase yo, fèmen pòt li akoz sitiyasyon vyolans lan k ap degrade nan zòn sa pi plis chak jou.
Nan kominike sa, Bank nasyonal kredi (BNC) envite kliyantèl li an itilize lòt sikisal li genyen nan rejyon metwopolitèn lan pou tout sèvis bank lan genyen pou ta kapab ofri yo.
Sikisal Ri Pave an te kontinye ap fonksyone malgre deteryorasyon klima sekirite an nan zòn sa, kote otorite yo toujou pa kapab retabli lòd ak lapè nan diferan katye yo nan rejyon metwopolitèn lan.
Facebook Comments