Repiblik dominikèn mande Pòtigal pou l entèsede pou peyi Dayiti pa bò kote Inyon Ewopeyèn

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
repiblik dominikèn mande pòtigal pou l entèsede pou peyi dayiti pa bò kote inyon ewopeyèn
Prezidan Sena ak Asanble jeneral la an Repiblik dominikèn, Eduardo Estrella mande pou Chèf Leta Pòtigal la Marcelo Robelo de Sousa entèsede pa bò kote gouvènman yo ki fè pati Inyon Ewopeyèn nan, pou yo ka vin ede peyi Dayiti.
Prezidan pòtigè a ki te nan yon vizit ofisyèl nan Kongrè nasyonal la nan peyi vwazen. Palmantè a te tou pwofite mete dosye Ayiti a sou tab diskisyon yo, akòz teritwa ayisyen an ki plonje nan yon kriz san parèy depi plizyè lane.
M. Eduardo Estrella fè konnen genyen yon nesesite ijan pou Kominote entènasyonal la pote teritwa ayisyen an sekou san pran tan nan lide pou lapè ak demokrasi ka renye.
« Nou pèmèt nou fè apèl ak ou, Mesye Prezidan, pou bon rezilta ak gwo lidèchip ou devan Inyon Ewopeyèn nan, pou mande ou entèsede pou peyi Dayiti pa bò kote gouvènman peyi zanmi sa yo, konsènan bezwen ijan pou Kominote entènasyonal la vini pou ede Ayiti pi vit posib, pou pèp ayisyen an ki se frè nou, ka rejwenn lapè sosyal ak demokrasi”, se deklarasyon prezidan Kongrè dominiken an, Eduardo Estrella pandan reyinyon bikameral sila, nan sal Asanble nasyonal la.
N ap raple, Repiblik dominikèn se youn nan peyi ki plis bay alèt pa bò kote Kominote entènasyonal la sou nivo ensekirite a nan peyi Dayiti. Depi aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la, zak vyolans yo pa sispann ogmante, men malerezman poko janm genyen yon desizyon definitif ki pran pa bò kote dirijan ayisyen yo oubyen Kominote entènasyonal la pou pote yon solisyon dirab ak soufrans pèp la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article