Aubameyang ap rapouswiv malediksyon nimewo 9 yo nan Chelsea 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
aubameyang ap rapouswiv malediksyon nimewo 9 yo nan chelsea 

Sa pa toujou byen pase pou nimewo 9 yo nan Chelsea pandan dènye ane sa yo. Se pa Pierre-Emerick aubameyang ki pare pou l demanti nou ak sezon l ap fè la a. Gabonè a ki debake ete sa nan klèb Londonyen an lwen pou l konble atant yo te genyen de li yo. 

Ou anvi byen jwe nan Chelsea ? Chwazi nenpòt ki nimewo, men bliye dosa 9 la ! Se sa dènye atakan pwent Chelsea ki pote nimewo sa a aprann nou. Se kou pa Aubameyang pou l fè fas ak malediksyon sa a. Aprè yon mwatye sezon reyisi nan FC Barcelone, atakan an debake nan ekip Chelsea a e sa p ap byen mache pou li menm. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou sezon sa, Gabonè a jwe 15 match sou koulè Blues yo. Li fè sèlman 3 gòl epi li bay yon pas desizif. Lè n al gad statistik dènye nimewo 9 Chelsea yo, nou ka mande tèt nou èske li pa nòmal pou n pale de malediksyon jan yo di a. Avan Aubameyang, nou te gen Romelu Lukaku. Bèlj la jwe 70 match ak klèb li te toujou reve jwe nan anfans li. Li fè sèlman 19 gòl epi bay 4 pas. 

Alvaro Morata te fè yon pase nan klèb Londonyen an tou e se nimewo sa li te pote. Jwè peyi Lespay la te monte teren ak Chelsea pandan 79 fwa men li te fè filè yo tranble 28 fwa epi li te bay 7 pas. Radamel Falcao li menm ki te pase avan jwè sa yo te jwe sèlman 14 e li te fè yon grenn gòl. Gonzalo Higuain te konn yon avanti ak Chelsea tou, chif li yo bay 18 match pou 5 gòl. 

Dènye grenn atakan ki te miyò ak mayo nimewo 9 la nan Chelsea, nou ka di se Fernando Torres. Li te ranpòte Champions League la ak Blues yo nan lane 2012. Torres te jwe 172 match ak klèb la, li te make 45 gòl e bay 35 pas desizif. Malgre sa, Torres pa t janm nan pi bon nivo l lè l t ap evolye nan ekip Chelsea a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.