Avantaj ak pwoblèm yon ayisyen ka jwenn aprè l fin kite Ayiti

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
avantaj ak pwoblèm yon ayisyen ka jwenn aprè l fin kite ayiti

Anpil peyi ouvè pòt yo pou yo resevwa moun lakay, yon fason pou antrepriz yo kapab fè anpil lajan. Etazini ak Kanada se 2 peyi kap gen pou resevwa Mondyal 2026 la, ki gen anpil enterè pou akeyi moun lakay yo. Nan sans sa anpil ayisyen vle pwofite okazyon sa pou yo kite Ayiti. Vwayaje (pati) se yon gwo bagay pou anpil ayisyen. Depi mwa janvye a kòmanse, yon jou pa pase pou koze Biden nan pap pale Ayiti. anpil moun montre enterè yo ak motivasyon yo, pou pati kite peyI a. Yon peyi ki lage 2 bwa balanse a, kote ensekirite ak lamizè sèl kòk chante pa ka  pa pouse piti li deyò.  Se vre vwayaje se se yon bon bagay men li gen bon kote l ak move kote l. 

Immigrasyon an te toujou prezan Ayiti, anpil moun te konn vwayaje pou yo ka fè eksperyans, pou yo etidye, fè biznis, marye epi viv ak fanmi yo. Men li enpòtan pou chak moun konnen chak fwa yon moun kite peyi l, pou li al viv nan yon lòt peyi, gen avantaj menn jan gen difikilte. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men avantaj ayisyen ka jwenn Etazini  

  • Echanj kiltirèl 

Yon ayisyen kap kite Ayiti pral gen okazyon pou li fè echanj ak yon lòt kilti, ak yon lòt reyalite sosyo-ekonomik, dekouvri yon lòt lang epi pataje plis bagay ak lòt nasyon kap sou teritwa sa. 

  • Edikasyon ak karyè 

Se pral posibilite pou anpil ayisyen ki rive nan youn nan pi gran peyi nan mond la, Pou yo pran chans yo, kote yo bay edikasyon ak travay valè. Se yon  opòtinite pou anpil ayisyen jwenn posibilite pou yo etidye epi travay, sa ki difisil nan peyi Dayiti.  

  • Ekonomi peyi monte 

Peyi Etazini ki ouvè pot li, pral fè plis lajan ak pil Ayisyen epi lòt nasyon ki pral viv nan peyi blan meriken an. Plis gen moun nan popilasyon an se plis ekonomi yo ap devlope. Kidonk tout moun sa yo ki pral nan program Biden nan, se pral yon fòs pou ekonomi ameriken an. 

  • Popilasyon ap yon motè pou devlopman 

Chak ayisyen ki pral rive Etazini pral ede peyi a fè plis devlopman, paske epidemi an (Covid) te pote ale anpil ameriken. Plis peyi a gen moun se plis ekonomi an ak devlopman li pral vit, peyi Lachine ak Brezil se yon ekzamp.  

Men pwoblèm ayisyen yo ka jwen nan peyi Etazini 

  • Dezekilib nan  popipalasyon an

Se vre lè anpil ayisyen rive Etazini lap ede ekonomi an men si pa gen jan kontwòl ki fèt sa ka debouche sou yon pwoblèm demografik menn jan sa sòt pase nan Sen Domeng, kote anpil domiken te pran lari mande voye Ayisyen lakay. Pwoblèm  nan kapab vini si ta gen yon epidemi ak yon kriz sosyal ki ta depase gouvènman ameriken an. 

  • Sèvis yo chèn anpil peyi Etazini 

Yon ayisyen ki rive Etazini pral oblije travay anpil pou li la jwenn bon jan sèvis. Konsa tou, kèk sèvis nan sante ak edikasyon ap tèt nèg. Sa ki pral pouse ayisyen yo travay san kanpe pou yo ka reponn ak anpil bezwen y ap genyen epi respekte prensip peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image
  • Inegalite ak delenkans

Anpil ayisyen ki pa gen kontwòl sou tèt yo, sou pitit yo nan peyi Etazini, pral fè fas ak gwo pwoblèm sosyal. Si yo pa pran chemen lekòl ak travay yo ap yen gwo difikilte pou yo adapte yo ak entegre yo nan sosyete ameriken an. Sa ka anpil nan yo tonbe nan vòlè, nan vann dròg ak kèk zak malonèt. Epi tounen yon danje sosyal sa ki ka mete sekirite anpil lòt moun an danje. Yon lòt tou, anpil ayisyen pral sibi rasis menn jan sa fèt nan anpil peyi ki yen ayisyen. 

  • Kisa Ayiti li menn lap pèdi ? 

Anpil sitwayen ayisyen vle kite peyi a, Leta paka anpeche entèlektyèl li yo ale, pou al sèvi lòt peyi. Depi sou prezidan Duvalier, Ayiti ap fè ak pwoblèm  sa kote l ap fòme moun pou peyi etranje. Ayiti pèdi anpil chak fwa yon entèletyèl ki meyi a, sa ki gen gwo konsekans sou deblpman peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive