Poukisa yon moun fè piercing ak tatouwaj?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
poukisa yon moun fè piercing ak tatouwaj (1)

Fè yon piercing oubyen yon tatouwaj se yon bagay ki te la depi byen lontan. Jounen jodi a anpil moun jwenn plezi nan 2 pratik sa yo. Gen moun ki fè yo nan lide pou yo amelyore aparans fizik yo, yon volonte pou yo kapab distenge yo nan popilasyon an. David Le Breton ki se yon sosyològ fransè, ki fèk pibliye « Signes d’identité », fè konnen kesyon piercing ak tatouwaj la gen yon sans nouvo pou jenerasyon an. 

Anpil moun deside fè piercing ak tatouwaj san konnen pouki rezon, men pratik sa yo nan tan ansyen yo te konn gen anpil sans pou sosyete ki te konn itilize yo. Men pou jenerasyon sa, tandans yo chanje, nenpòt moun fè piercing ak tatouwaj. Nan yon etid anpirik, David Le Breton, ki se yon sosyològ, bay kèk esplikasyon sou koze sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou sosyològ la, anpil jèn fè piercing ak tatouwaj yon fason pou yo kapab montre idantite sou yo, yon fason pou yo distenge yo nan sosyete a. Nan sans sa, fè piercing ak tatouwaj vin yon pratik ki pou fè sosyete a ramake yon moun.

Pratik sa yo repete plis kay jèn yo, anpil nan yo konn kite kèk tandans misikal enflyanse yo. Koze piercing ak tatouwaj la menm vin yon fenomèm kiltirèl sitou nan peyi tankou Etazini, Kanada oubyen Almay. Pratik sa menm  vin rantre nan sa ki gen pou wè ak konsomasyon epi mondyalizasyon.

Nan peyi Dayati, anpil moun fè piercing ak tatouwaj yon fason pou yo montre yo gen pouvwa sou kò yo, pou yo fè kò yo bèl oubyen pou yo kapab idantifye yo ak yon gwoup. Gen moun ki wè moun ki pèse kò yo oubyen fè tatawouj mal. Genyen ki menm ale pi lwen toujou pou fè konnen piercing ak tatouwaj gen yon gwo rapò ak sa ki gen pou wè ak espirtyalite.

Piercing ak tatouwaj yo gen konsekans yo sou kò a, epi se rezon sa ki fè moun ka p fè pratik sa yo dwe pran anpil prekosyon ak mesaj k ap pataje sou kò a sou fòm desen. Se vre fè bèbèl ak kò a enpotan men, pou moun ki gen dezi fè piercing ak tatouwaj, yo dwe fè anpil atansyon.

Pou plis enfòmasyon, founi je gade nan  liv sa yo:  » Signes d’identité, tatouges, piercings et autres marques corporelles » David Le Breton epi liv Marie-Christie Colinon ki rele « Tatouges, Piercings… ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive