Avyon patwouy militè kanadyen ki t ap vole sou espas aeryen Ayiti a retounen nan peyi Kanada aprè yon kout misyon rekonesans ak rasanbleman enfòmasyon.
Avyon CP-140 Aurora nan Royal Canadian Air Force, te deplwaye an Ayiti nan fen semèn ki sot pase a pou kolekte yon ansanm enfòmasyon sou aktivite gwoup kriminèl yo nan peyi a, kote li te fè 2 vòl rekonesans nan 2 jou anvan li retounen nan peyi Kanada.
Pou otorite Kanadye yo, deplwaman avyon sa a te montre volonte peyi Kanada genyen pou ede pèp ayisyen an k ap fè fas depi kèk tan ak gwo presyon gang ak zam nan peyi a.
Mete sou sa, otorite peyi Kanada fè konnen tou enfòmasyon yo kolekte pral ede gouvènman Kanadyen an evalye sitiyasyon an Ayiti, tout pandan yo pa pote okenn presizyon sou fason yo pral itilize enfòmayson sa yo.
N ap raple, nan dat ki te samdi 4 fevriye 2023, Gouvènman federal Kanadyen an te anonse avyon patwouy alontèm CP-140 Aurora nan Royal Canadian Air Force, yo te voye an Ayiti pou rasanble enfòmasyon sou aktivite gwoup kriminèl yo ap mennen nan peyi a depi yon bon bout tan.
Facebook Comments