Ayisyen yo te deside danse kanaval malgre kriz miltidimansyonèl la nan peyi a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ayisyen yo te deside danse kanaval malgre kriz miltidimansyonèl la nan peyi a

Anpil moun nan popilasyon Ayisyen an te eseye bliye kriz ak vyolans ki ap sakaje peyi a depi kèk tan, yo te pran lari a pou yo te danse Kanaval nan plizyè vil an Ayiti, ladan yo kapital peyi a, Pòtoprens.

Plizyè milye moun te foule beton Channmas, pou danse 3 jou Kanaval, nan Kapital peyi a, soti dimanch 19 fevriye 2023 a pou rive ayè madi 21 fevriye 2023 a, menm si pou premye fwa festivite sa a te fèt nan yon lè inabityèl, olye pou yo te fè l pou l fini a 4,5è nan maten, men yo te pito fè l pou l fini a 6zè nan aswè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa otorite gouvènmantal yo fè konnen, yo te pran desizyon sa a nan lide pou pwoteje kanavalye yo akoz ensekirite san parèy sa ki make pa vyolans gang ak zam nan peyi a, epi yo te fè konnen tou yo te pran desizyon sa a, akoz blakawout la.

Pòtoprens te deside selebre kanaval la sou deviz « Rekonsilyasyon pou lapè » e ak yon bidjè 121 milyon goud ki plis pase 756.000 dola nan deviz aktyèl la. 3 jou gra sa yo te dewoule sou Channmas, nan kè Kapital peyi a ak prensipal plas piblik yo ki chita kò yo pa lwen Palè Nasyonal la.

Etandone nivo ensekirite a trè wo nan kapital la, pou pwoteje parad yo, Polis Nasyonal la te deplwaye plizyè inite, pami yo CIMO ak UDMO.

Kèk Komin te deside pa danse Kanaval men se pa tout peyi a ki fete. Nan okazyon sa a plizyè vil ak kèk zòn nan peyi a te deside pa danse Kanaval akoz sitiyasyon kritik sa peyi a twouvel la.

Se ka minisipalite Petyonvil, yon komin nan kapital la kote gwoup gang ak zam kòmanse ap pran gwo ekstansyon.

Jan konsèy minisipal Petyonvil la te rapòte nan epòk la, li te deside pa t ap gen kanaval akoz sitiyasyon peyi a ki ap anpire chak jou k ap pase, epi akoz kriz miltidimansyonèl sa k ap travèse Ayiti depi plizyè lane ki vin anpire depi lanmò Prezidan Jovenel Moïse la.

N ap raple, Lendi 20 fevriye 2023 a, nan dezyèm jou fèt kanaval Meri Pòtoprens te òganize a. Vè 6zè nan aswè yon kanavalye te pèdi lavi l ak yon bal nan tèt sou plas Atis yo (place des artistes) ki tou pre Komisarya Pòtoprens lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.