R. Kelly riske pran 25 lane prizon anplis, mete sou 30 lane li deja gen pou l pase a

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
r. kelly riske pran 25 lane prizon anplis, mete sou 30 lane li deja gen pou l pase a

Aprè lajistis nan vil Nouyòk fin kondane l pou l pase 30 lane nan prizon akoz yo te twouve l koupab de zak kadejak sou minè ak pedopònografi, ansyen chantè R kelly riske pran 25 lane anplis, nan kad yon lòt jijman ki dwe fèt nan vil Chicago, kote yo ta akize l de menm zak sa yo.

R. Kelly poko ka fin monte maswife lap monte depi ane pase an. Ansyen chantè a toujou nan gwo demele ak lajistis, e li riske pase anpil lane, e petèt menm mouri nan prizon. Lajistis nan vil Nouyòk kondane entèprèt i believe i can fly la pou l pase 30 lane nan prizon, paske yo te jwenn li koupab de zak malonèt tankou vyòl sou timoun, detounman minè elatriye. Misye te kòmanse pije pèn li lè yon lòt akizasyon sòti pou menm kalite zak sa yo nan vil Chikago.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwosè a ta dwe fèt jedi 23 fevriye 2023 a, e si yo ta twouve l koupab, li ka pase 25 lane nan prizon anplis de 30 lane a. Ansyen chantè a ki gen 56 lane, pap gen chans jwenn liberasyon li avan li fete 100 lane li, si jij la ta tranche pou R Kelly pije tou 2 pèn yo.

Nan rekòmandasyon kondanasyon yo depoze devan tribinal la, pwokirè yo fè konnen R Kelly se yon sadik, li pa gen okenn remò, li se yon predatè seksyèl e daprè yo, li se yon gwo danje pou sosyete a.

Avoka ansyen chantè a bò kote pal mande yon pèn 10 lane pou kliyan li an, k ap enkli tou 2 kondansyon yo, aloske ansyen gayan Grammy award la gen nenpòt 13 chèf akizasyon kont li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.