Nan yon nòt ki pote siyati Direktè Jeneral polis la , Léon Charles, nan date 25 janvye 2021 an. Direksyon jeneral lapolis la anonse chanjman nan plak imatrikilasyon “Ofisyel” yo nan peyi a .
Nouvo plak sa yo soti 20 janvye ki sot pase a, selon nòt la y ap rantre an vigè apati Premye Fevriye k ap vini la.
![](https://i0.wp.com/netalkolemedia.com/wp-content/uploads/2021/01/1BD2C277-144F-43AB-B153-31581C06C956.jpeg?resize=230%2C300&ssl=1)
DG lapolis la mande tout pèsonèl polisye yo pran tout dispozisyon pou sezi tout ansyen plak k ap sikile sou tout teritwa nasyonal la e aplike tout mezi ki nesesè pou fè respekte prensip yo.
NAK-MEDIA