Anviwon 2 semèn aprè Martine Moïse pèdi mari l nan yon asasina kite fèt andedan lakay li nan lannwit 7 pou rive 8 jiyè 2021 an, ansyen premye dam nan te antre nan peyi a nan lide pou l te òganize e patisipe nan antèman ansyen chèf leta a Jovenel Moïse.
jodi mèkredi 28 jiyè 2021 an, Martine Moïse ak tou 2 pitit li yo pran avyon pou peyi etazini, kote li pral kontinye swiv tretman li te kòmanse yo nan lide pou rejwenn yon eta sante ki estab.