Lidè mouvman twazyèm vwa a , Pierre Réginald Boulos ki t ap patisipe nan mach kont ensekirite k ap vale teren nan peyi a, e di aba ak diktati gouvènman Jovenel Moïse la vle enstore nan peyi a mande tout boujwa parèy li yo, desann atè a pou vin goumen ak pèp la.
Yon Mach kote anpil moun te ekri lo revandikasyon yo nan pankat pou te voye mesaj Bay entènasyonal la sou sa k ap pase nan peyi a, antreprenè Réginald Boulos ki te patisipe nan Mach sa tè tou pwofite mande ak boujwa parèy li yo pou desann sou beton an pou vin akonpaye pèp la nan lit l ap mennen pou fòse otorite yo konbat ensekirite a k ap pran teren chak jou nan peyi a, e pou yo vin di non ak diktati gouvènman an vle enstore nan peyi a tou.
Doktè Réginald Boulos, sete Youn nan moun kite sipòte Jovenel Moïse pou l te rive nan tèt peyi a men kite desolidarize ak li nan lane 2018 akoz movèz gouvènans prezidan an, e antre nan opozisyon ak pouvwa an plas la, doktè Réginald fè konnen gen anpil boujwa ki vle revolisyon an tou men yo pè akoz gouvènman an menase yo nan voye fo bòdwo ak lòt taks ankò.
NAK-MEDIA
Kredi Foto: Ralph Tedy Erol / Ted Actu