Ayiti laminen Malt nan match zanmitay pou prepare Koup Dimond lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ayiti laminen malt nan match zanmitay pou prepare koup dimond lan

Nan match zanmitay ki jwe jodi samdi premye jiyè an nan peyi Laswis, seleksyon nasyonal ayisyèn bò kote medam yo kraze malt 5-0 pou mete fen ak premye pati preparasyon yo an.

Grenadye yo ki t ap jwe kont medam Malt yo nan kad preparasyon pou pwochen mondyal fanm lan, fè yon kokennchenn viktwa 5 gòl a zewo avèk 4 ki te gentan fèt depi nan premye mitan an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gras avèk Nérilia Mondésir, Kethna Louis, Roselord Borgella, Batcheba Louis epi Shwendesky Joseph, seleksyon ayisyèn lan laminen ekip Malt lan.

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki te tabli baz li nan peyi Laswis depi anviwon semèn, ta dwe kite kontinan ewopeyen an demen dimanch 2 jiyè an pou rann li nan peyi Kore Disid pou dezyèm pati preparasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.