Ayiti-Medya: Radyo Ô Inter, rejwenn gwoup karayib

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Aprè radyo Canal Bleu ak tele canal bleu, PDG gwoup karayib la, Patrick Moussignac fenk ajoute yon nouvo radyo sou sa kite la deja yo, n ap fè nou konnen gwoup karayib se gwoup ki genyen plis radyo ak tele ladan l, nou ka site kèk tankou : karayib, sky fm, espas fm, impact fm Ak alleluia pou n site sa yo sèlman.

Nan yon akò, PDG gwoup la Patrick Moussignac jwenn ak PDG Frinel Joseph , radyo Ô inter, k ap emèt sou frekans 95.1 fm nan rejwenn ekip gwoup karayib la.

- Advertisement -
Ad imageAd image
Pastè Frinel Joseph ( ansyen PDG radyo Ô Inter )

Selon enfòmasyon nou dispoze, tout emisyon radyo a kanpe depi kèk tan akoz chanjman k ap opere nan direksyon radyo a e lòt ankò, n ap raple n radyo Ô Inter se dezyèm radyo evanjelik ki nan gwoup karayib la aprè Alleluia fm.

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article