Aprè Michel Martelly fin teste pozitif e gwoup Sweet Micky te twouve l nan obligasyon pou l anile toune li a, kounya se kou pa gwoup Vayb ki soti yon nòt ki anonse yo anile tout rès prestasyon yo te gen pou fè nan peyi a akoz kowonaviris la.
Nan yon nòt yo fè soti responsab yo fè konnen, yo pran dezisyon sa pou yo ka pwoteje, piblik la ak rès ekip la.
Toujou nan menm nòt la, yo gzije popilasyon an pou respekte prensip ki la pou anpeche nou atrape viris la yon fason pou nou ka limite li.
Yon lòt kote nap raple nou, selon dènye bilan ofisyèl MSPP ki soti nan dat 26 desanm 2020 an, yo jwenn 41 nouvo moun ki atrape viris la, sa ki bay yon total 9,999 ka ki konfime pou 236 moun ki mouri ak 8,598 moun ki geri.
NAK-MEDIA
Facebook Comments