Ayiti-Mizik: Oky Jems retounen tèt dwat pou vinn bay bon ANBYANS

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Aprè li te deside al evolye nan sektè evanjelik Ascensio Sévère tout moun nan milye sa te konnen sou non Frè Sévère pou yon lòt kategori nan sektè kiltirèl la yo konnenl sou non Oky Jems deside retounen nan gwoup li te konnen anpil siksè ak li a sitou nan zafè kanaval.

Aprè enfòmasyon kitap sikile sou rezo sosyo yo ki ta fè kwè Oky jems tounen nan Anbyans, Netalkole Media te rive kontakte yon pwòch atis , Ansyen chanpyon kanavalj nasyonal la konfime bay menm sous sa enfòmasyon ki tap sikile sou rezo sosyal yo depi ayè madi a.
Efektivman, Oky jems tounen tèt dwat pou vinn bay bon Anbyans.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Oky Jems te pase plizyè gwoup nan endistri mizikal ayisyen an tankou : King Posse , Show-Off pounj site sa yo sèlman, kèk tan aprè li tal fòme gwoup mizikal pa li ki rele Anbyans Tèt Dwat nan vil okap ak plizyè lòt mizisyen.

Nap raple, Aprè Shabba te finn kite Djakout #1, gwoup la te deside fè apèl ak Oky Jems pou te chante mereng 2020 Djakout #1 men domaj pat gen kanaval akoz pwoblèm politik peyi te konnen nan menm peryòd sila.

Steven Aristil

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article