Ayiti nan batay pou yon plas nan Mondyal feminen 2023 a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ayiti nan batay pou yon plas nan mondyal feminen 2023 a

Aprè Ayiti te fin mal mennen ekip Senegal la vandredi pase a nan Auckland 4-0, nan kad match baraj pou Mondyal fanm yo kap gen pou fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland. Viktwa sa mete grenadye yo tou prè kalifikasyon yo ; objektif yo pou jodi madi 21 fevriye 2023 a, se bat ekip Chili a epi ekri yon nouvo paj nan istwa foutbòl ayisyen an bò kote medam yo. 

 

Grenadyè yo nan batay pou jodi madi a, yo pral mete tout yo menm fas ekip Chili a,  aprè yo te fin kase mete nan men Senegal (4-0). Yon match desizif pou koyekipyè Corventina yo ki kapab bay ekip senyò fanm nan premye kalifikasyon l nan sa ki gen pou ak Mondyal foutbòl fanm yo.  

 

Foutbòl fanm nan pou dènyè ane sa yo ap chame fanatik foutbòl epi ap avanyi chanpyona ewopeyen yo ak  jwèz tankou Corventina, Nérilia, Borgella. Ak jwèz sa yo ki rive nan somè foutbòl fanm nan, Ayiti kapab espere kalifikasyon istorik sa fas ekip Chili a nan Auckland aswè a.  

 

Ayiti a yon pa pou Mondyal 2023 a k ap fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland, yon pa pou Grenadyè yo pami 32 nasyon ki reponn nan foutbòl fanm nan. Pou 9vyèm edisyon sa a, anpil ayisyen ta renmen drapo ble ak wouj la kap flote sou kontiman oseyani an.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive