Gad kot amerikèn deja rapatriye plis pase 3,000 ayisyen pou egzèsis fiskal 2022-2023 a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
gad kot amerikèn deja rapatriye plis pase 3,000 ayisyen pou egzèsis fiskal 2022 2023 a

Otorite Gad kot amerikèn yo rapatriye ayè lendi 20 fevriye an 311 ayisyen yo ta pral kenbe sou lanmè tou prè Kiba, semèn ki sot pase a, nan yon ti bato ki ta pral echwe. Sòti oktòb pou rive jounen jodia, se deja 3,117 migran yo voye tounen Ayiti. 

 

Malgre divès pinga gouvènman diferan peyi nan rejyon an  voye bay, ayisyen yo pa sispann kontinye ap riske vi yo sou lanmè, se atò vwayaj ilegal ankachèt yo ap òganize nan yon pakèt kwen nan peyi an. Chak jou pi plis, kantite moun k ap pran kanntè yo ap ogmante. 

 

Ayè lendi 20 fevriye an, inite Gad kot Tampa ak Vigilant mennen tounen nan peyi an yon nouvo gwoup 311 migran ki konpoze ak fanm, gason epi timoun. Migran sa yo ki ta gen pou prensipal destinasyon Etazini, ta pral echwe sou youn nan kot Kiba yo. 

 

Daprè otorite Gad kot yo, migran sa yo ki rapatriye ayè lendi an te twouve yo nan gwo difikilte pandan vwayaj sa kote ekip Gad kot yo te oblije rapid vit pote yo sekou. Lyetnan Peter Hutchison, responsab youn nan inite Gad kot yo, mande pou migran yo sispann riske vi yo sou lanmè an. 

 

Sou tout ane fiskal 2021-2022 an, te genyen yon total 7,175 migran ki te rapatriye. Nan sèlman 4 mwa egzèsis sa, otorite Gat kot amerikèn yo deja mennen tounen Ayiti 3,117 ayisyen ki t ap pran kanntè pou rantre Etazini. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.