Ayiti- Pèsonalite : Max Antonentz Charles, yon pasyone teknoloji

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Max Antonentz Charles , se yon jèn Ki fèt 14 mas nan lane 1997 nan dezyèm vil peyi a ( okap ), Max , se yon jèn ki pran teknoloji a kòm pasyon li , nan sousi pou l te ka konprann pi byen zouti sila li te ale etidye ( web marketing ak pwogramasyon), kise 2 branch Ki nan mond teknoloji a.

Aprè etid li nan domèn sila yo,Li pa t pran tan pou l te fè kèk kolaborasyon ak plizyè jèn Ki renmen teknoloji a e Ki gen menm vizyon ak li, nan monte plizyè ( start-up ).Safety Promo , Haïti People Magazine, Unity Génération, ComActu, Limenm Média,Kayimit News, non sa yo se non kèk pami pwojè Max Antonentz Charles  di nou li travay sou yo, li te tou pwofite de entèvyou sa pou l fè nou konnen li pa gen lontan li lanse pwòp platfòm pa li Ki rele MCA, yon platfòm ki dedye ak kominikasyon dijital.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Max, fè nou konnen nan moman an l ap travay sou 2 aplikasyon mobil, 1- Be Kool Express, yon aplikasyon k ap fasilite moun ayiti achete anliy e resevwa livrezon yo rapid vit. 2- L ap travay sou yon aplikasyon Mobil pou yon jèn gwoup mizikal Ki rele Panel Compas, yon aplikasyon k ap pèmèt fanatik gwoup la gen aksè pou koute e achete mizik gwoup la direkteman sou li. Yon lòt kote li te souliye pou nou platfòm anliy soldemy kise yon akademi pral dispoze plis pase 2 000 kou anliy.

Jèn angaje nan zafè sosyal ak politik peyi a, Max fè pati moun K ap itilize entènèt la pou l kapab pote kontribisyon pa l pou ede chanje peyi a e Max Antonentz Charles revele nou li gen anbisyon politik paske jenès la gen konpetans ak kalite pou enplike nan politik peyi a se youn nan mwayen li panse ki kapab ban nou ayiti nou vle a.

Steven Aristil

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article