»Ayiti, peyi ki pi kowonpi nan rejyon Karayib la », daprè Transparency International

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
''ayiti, peyi ki pi kowonpi nan rejyon karayib la'', daprè transparency international
Nan yon rapò ki pibliye semèn sa, òganizasyon non gouvènmantal Transparency International klase Ayiti 171èm sou 180 peyi nan zafè endis sou koripsyon. Pou Karayib la, peyi an vini an tèt kòm peyi ki pi kowonpi nan rejyon an.
Nan klasman sa ki fèt sou endis pèsepsyon koripsyon nan mond lan, Ayiti k ap fè fas ak tout kalite kriz depi kèk tan, klase kòm 8èm peyi nan mond lan ki pi kowonpi sou 180 Transparency International chwazi kòm echantiyon an.
Pou rejyon Karayib la, Ayiti vini nan tèt klasman an kòm peyi ki pi kowonpi avèk yon eskò 17/100 kote l pèdi twa pwen konpare ak ane 2021 an. Peyi a twouve l lwen dèyè Repiblik Dominikèn, vwazen li, ki 123èm avèk 32 sou 100 kòm eskò.
Nan 180 peyi òganizasyon Transparency International chwazi yo,  Dànmak, Finlann, Nouvèl zelann, Nòvèj, Sengapou ak Laswèd ranpli tèt klasman an kòm peyi ki gen mwens koripsyon nan mond lan avèk patikilyèman yon eskò 90/100 pou premye an.
Nan zòn wouj la, Somali avèk 12/100 klase kòm peyi ki pi kowonpi nan mond lan sou 180 ajans lan chwazi yo. Dèyè l genyen Lasiri ak Soudan Sid nan klasman sa, kote Ayiti vini 8èm, sa ki fè de li peyi kipi kowonpi nan Karayib la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.