Yon jenn fi touye yon dam ki te vle adopte l ak 70 kout kouto

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon jenn fi touye yon dam ki te vle adopte l ak 70 kout kouto
Yon jenn fanm laten ki rele Heavenly Arroyo kondane pou l pase rès vi li nan prizon paske l ponyade yon dam ki te vle adopte l jiskaske l touye l, alòske viktim nan te paralize sou yon kabann. 
Ana Vásquez-Rodriguez, ki gen 68 lane, resevwa anviwon 70 kout kouto nan men jenn fi a. Zak sila pase Etazini nan lane 2019. Lè sa kriminèl la te gen 15 lane.
Pwokirè Thomas Quinn, ki sou dosye a deklare “akize a asasinen dam nan ak anpil britalite alòske te sèlman vle ede l kontinye viv vi li”.
Daprè medya lokal yo, jenn fi a t ap viv ak dam nan epi yon pitit pitit dam nan depi plizyè semèn. Kay kote yo t ap viv la te pou gran tonton Heavenly Arroyo, ki te pran l sou demann manman li.
Gran tonton an, yo pa revele idantite l te konte jwenn gad ofisyèl jenn fi a, men l te vin fache akòz pwosesis la te pran twòp tan. Fanm yo touye a, li menm, se te manman yon fi gran tonton an te renmen ak li.
Arroyo touye dam nan ak anviwon 70 kout kouto alòske l te paralize nan yon kabann akòz yon aksidan kadyovaskilè (AVC), kidonk li pa t ka defann tèt li fas ak agresè a. Se pitit pitit dam nan ki te jwenn kadav la.
Kriminèl la pa bò kote pa l, aprè l te fin komèt zak la, te pwòpte kò l epi jete tout rad li yo pou yo pa t sispèk li, daprè Telemundo News.
“O kòmansman, Arroyo te nye tout enplikasyon nan krim nan, epi te akize l wè yon nonm kagoul sou vizaj li ap kouri sòti andedan kay la”,  se sa anketè yo detaye.
“Akize a te genyen 15 lane lè li te komèt zak la nan epòk la, li t ap soufri pwoblèm sante mantal. Sepandan, zafè a montre klèman li reprezante yon danje pou kominote a, epi se pou sa yo ba li pèn sila a ».
N ap raple, jenn fi a avwe se li ki touye madanm nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.