Ayiti-Politik: PLANSPA rive nan gran nò

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Pati politik Platfòm Nasyonal Sektè Popilè Ayisyen te òganize nan jou kite 17 ak 18 desanm 2020 an 2 jou fòmasyon pou reprezantan li yo ki nan depatman nò a e 19 ak 20 pou depatman nòdès.

Dieudonné Lhérisson ki se Chèf pati politik PLASNPA a, ap vann yon mesaj pou yon leta efikas pou sèvi tout moun, e li kwè efikasite sa dwe baze nan fòmasyon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan fòmasyon sa yo te manyen plizyè Tematik pami yo, yo te manyen plizyè kouran ideyoloji ki genyen nan politik yo te gade fòs yo ak feblès yo, demokrasi, leta, kominikasyon politik, ak plizyè lòt tematik yo te wè nan pwogram fòmasyon pou reprezantan gran nò yo.

Lidè pati politik PLANSPA a te tou pwofite okazyon an poul te prezante pati a, ideyoloji li ak prensip li pati yo chita sou li yo e Dieudonnè Lhérisson fè konnen yo fòme moun kite patisipe nan fòmasyon sa yo nan lidèchip ak aksyon militan nan yon pati.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article