Ayiti se premye peyi kote to anemi pi wo kay fanm yo 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ayiti se premye peyi kote to anemi pi wo kay fanm yo 

Ayiti nan tèt lis peyi nan Amerik latin ak Karayib yo kote to prevalans anemi an pi wo kay fanm ki genyen 15 pou al bout 49 lane yo, epi dèyè li vin Giyàn ak Repiblik dominikèn.  

Detay sa yo founi nan rapò « Regional Panorama of Food and Nutrition Security : Towards Better Affordability of Healthy Diets ». Pou rann rapò sa posib, Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO) te kole tèt ak Òganizasyon Panamerikèn Sante (OPS), Fon entènasyonal devlopman agrikòl (FIDA), epi UNICEF. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Done yo endike pami tout peyi rejyon an, se Ayiti ki afiche prevalans anemi ki pi wo kay fanm ki aje sòti 15 pou rive 49 lane yo ak yon to 47,7%. Aprè sa Giyàn vini ak 31,7% epi Repiblik dominikèn genyen 26,4% 

Lòt detay rapò a bay, peyi d Ayiti se kote ki gen plis moun k ap soufri grangou nan Amerik latin ak Karayib yo, swa ak yon to 80%, alòske an Repiblik dominikèn se sèlman 20% nan popilasyon an ki pa gen pyès posiblite pou jwenn aksè ak bon manje, Sentlisi gen 20% tou. 

N ap raple, nan echèl mondyal la, prevalans anemi an te diminye, ant 1995 ak 2011, sòti 33% pou rive 29% kay fanm ki pa ansent yo epi 43% pou rive 38% kay sila ki ansent yo. Sepandan, daprè Rapò sou nitrisyon mondyal 2017 la, anemi kay fanm ki gen kaj pou fè pitit yo ogmante yon lòt fwa ankò depi 2012, san konte pako gen pyès peyi ki nan bon wout la pou atenn objektif ki fikse a. 

Anemi se yon endikatè yon move nitrisyon ak lasante. Defisi fè se youn nan kòz prensipal yo; lòt defisyans nitrisyonèl nan asid folik, vitamin B12, ak vitamin A ka lakòz li tou. 

Adolesan ki ansent yo patikilyèman gen tandans soufri anemi akòz kondisyon fè yo bezwen pou kwasans yo, anplis bezwen fè fetis la. 

Anemi matènèl se yon pwoblèm sante piblik majè, ki ka lakòz yon tibebe mouri oubyen “mòbid”, li ka sispann yon gwosès, rann li prematire oubyen kòz timoun nan pa gen pwa swit ak nesans li. Anplis de sa ki afekte sante ak kalite lavi manman an, pwoblèm sila a konpwomèt avni jenerasyon timoun yo, li fè gwo enpak sou devlopman yo, kapasite yo pou yo aprann ak rann yo pwodiktivite ekonomikman. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.