Depatman Sekirite Enteryè (DHS) te anonse nan yon kominike pou laprès ki pibliye nan dat Mèkredi 25 janvye 2023 a, lansman pwosesis enskripsyon pou sitwayen ayisyen ki kalifye pou Estati Pwoteje Tanporè (TPS) la. Daprè DHS, Ayisyen ki konsène yo kapab kòmanse aplike apati jedi 26 janvye 2023 sa a.
Depatman Sekirite Enteryè (DHS) nan kominike sa a, anonse ekstansyon ak nouvo deziyasyon Ayiti pou yon lòt 18 mwa, soti 4 fevriye 2023 rive 3 Dawout 2024.
« Pwosesis enskripsyon an ap kòmanse 26 janvye 2023. Tout moun ki vle aplike pou TPS sou nouvo deziyasyon Ayiti a dwe ranpli yon aplikasyon, » mande Depatman Sekirite Enteryè a, nan kominike sa a, tout pandan li fè konnen avèk ekstansyon TPS pou Ayiti a, 107,000 benefisyè aktyèl yo pral kapab konsève TPS jiska 3 Dawout 2024, si yo kontinye satisfè kritè kalifikasyon TPS la a.
« Anplis de sa, yon lòt 105,000 moun Ozetazini ta ka elijib pou TPS ak nouvo deziyasyon Ayiti a. Se sèlman moun ki rete kontinyèlman Ozetazini depi 6 novanm 2022 ki kalifye pou TPS sou nouvo deziyasyon Ayiti a, »presize DHS.
Yon lòt bò, Depatman Sekirite Enteryè a di, benefisyè TPS aktyèl yo ki vle pwolonje estati yo jiska 3 Dawout 2024 yo dwe re enskri pandan peryòd re enskripsyon 60 jou a, ki ap kòmanse jodi 26 janvye 2023 sa a pou rive 27 mas 2023, yon fason pou yo asire yo kenbe TPS yo ak otorizasyon travay yo san okenn espas.
Facebook Comments