Ayiti se sèl peyi nan mond lan kote gang yo kontwole pi fò teritwa, daprè laprès dominikèn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ayiti se sèl peyi nan mond lan kote gang yo kontwole pi fò teritwa, daprè laprès dominikèn
Ensekirite a nan peyi d Ayiti toujou rete yon aktyalite, pa sèlman pou laprès lokal, men tou pou rès mond lan, patikilyèman kay vwazen nou an Repiblik dominikèn. Laprès dominikèn pa janm rate yon okazyon pou ekspoze kondisyon vi popilasyon an fas ak zak banditis yo k ap vale teren pa bò isit.
“Ayiti se sèl peyi nan mond lan kote gang yo kontwole pi fò teritwa a”, se tit sa jounal dominiken Listin Diario mete nan yon atik ki pale SOUensekirite a nan peyi d Ayiti, ayè 30 janvye a. Li menm revele bandi yo genyen pi gwo zam ak pi byen ekipe pase lapolis la ak fòs lame teritwa a.
“Gwoup sila yo kontwole ak teworize omwen 60% kapital la, Pòtoprens, ak zòn ki anviwonnen l yo, tandiske nan kèk depatman kle tankou nan Nò ak nan gran Sid la, pou rive jis Ansapit, ki pa lwen Perdernales, se kèk rejyon kote prezans gwoup ak zam yo fè santi yo la.”
“Avèk tout sa yo, se yon kesyon tan pou gang yo pran kontwòl peyi a nèt, sof si okipasyon militè gouvènman ayisyen an mande a rive epi lapolis fè travay li. Yon batay ak gang yo pou lapè ka tounen ap koute lavi ak yon pakèt moun, daprè jounal dominiken an, ki fè konnen o final se 3 viktim k ap rete si anyen pa fèt : gwo enterè ekonomik ki pwisan men ki pa vle aji, pèp ayisyen epi Dominiken yo.” : Listin Diario
Nan tout senaryo li prezante yo, medya a fè konprann nan kenpòt jan an ap gen san k ap koule. Men jiskaprezan sèl solisyon an se entèvansyon yon fòs etranje sou teritwa a pi bonè posib, paske gang yo kontinye ap pran pouvwa epi fè presyon sou popilasyon an.
Listin Diario nan detay li bay, fè konnen pou Ayisyen yo chape anba ensekirite a jiskaprezan yo gen yon sèl chwa, se sove kite peyi a janbe an Repiblik dominikèn. Men èske teritwa dominiken an ap ka sipòte ekzòd masiv sa sitou ak politik migratwa administrasyon Abinader la mete kanpe patikilyèman kont migran ayisyen yo ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.