Russell Westbrook nan Top 10 pi bon pasè NBA a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
russell westbrook nan top 10 pi bon pasè nba a

Nan match ki te opoze Los Angeles  Lakers fas nets yo nan lannwit lendi a, Russell Westbrook antre nan istwa NBA a, kote li vin pami jwè tankou Chris Paul, Lebron James, Isiah Thomas, ki fè plis pas nan istwa NBA a. Ansyen MVP a rive depase Gary Payton ki te 10zyèm nan klasman an.  

San LeBron James ak Antony Davies, Russell Westbrook te pran tout responsabilite l nan kreyasyon jwèt la fas ekip Brooklyn Nets la, sa ki pat anpeche Lakers pèdi fas Brooklyn (121-104). Russell Westbrook antre nan istwa meyè pasè nan NBA a, avan match sa, li te bezwen selman 5 pas desizif pou l te pase devan Gary Payton nan klasman an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lakers pèdi fas Brooklyn men Russell Westbrook fini match la ak 10 pas sa ki ba li yon total 8 972 pas desizif pou sezon regilye li jwen yo, li vin gen 6 pas anplis Gary Payton, ki se ansyen vedèt Sonics yo.

Aprè rankont lan, Troy Brown Jr ki se koyekipye Russ, fè konnen :

 » fason misye fè  balon yo soti se yon baga y ki enpresyonan. Li te toujou nan kè teren an, kote li bouje anpil, sa ki te fè balon yo rive jwenn nou byen fasil »

Russell Westbrook pami 3 jwè ki ap jwe toujou nan NBA a, sa ki kapab fè l depase Isiah Thomas ki 9vyèm . Antre nan Top 10 meyè pasè nan NBA a, se yon bagay ki enkwayab pou jwè a.

« Si yon moun te di m sa 15- 20 lane avan, m tap nan Top 10 meyè pasè yo, m tap pran moun sa pou yon moun fou. Nan NBA a, m pat janm gen rèv pou m te rive nan pozisyon sa, bò kote pi gran jwè nan istwa jwèt sa. M kontan paske m kontinye ap jwe nan wo nivo a, map pwofite. » deklare Russell.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive