Dosye Sekirite: DG Frantz Elbé fè kèk chajman estratejik nan PNH la

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
dosye sekirite dg frantz elbé fè kèk chajman estratejik nan pnh la
Nan kad dispozisyon estratejik, kòmandan an chèf polis nasyonal Dayiti a Frantz ELBÉ, fè yon nouvo chanjman taktik nan tèt enstitisyon sa a, ayè lendi 30 janvye 2023  a.
Sou lòd DG Frantz ELBÉ, Enspektè Jeneral Jean Yionel TRECILE mete Komisè Minisipal Sergo DASMY kòm nouvo Chèf Biwo Komisarya Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a. Serigio TRECILE ranplase Komisè anchèf Isaac Mérilien nan pozisyon sa a.  Limenm ki te kenbe pozisyon sa a depi 27 mwa.
Yon lòt bò, Komisè Divizyonè a, Pwofèt JOACHIM deziyen kòm nouvo Direktè Entèlijans Jeneral (DRG), nan plas Komisè Divizyonè Walmann Cetoute, ki li menm vin tounen nouvo DCPA a. Li plase nan kabinè jesyon jeneral PNH la kòm responsab koperasyon entènasyonal ant fòs polis yo.
Anmenmtan, komisè prensipal la nan jiridiksyon Petyonvil la, Alladain Jean Louis, transfere tou nan direksyon jeneral la polis administratif la (DCPA).

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.