Bandi ak zam kidnape 2 bis nan Lyankou avèk anviwon 50 pasajè

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Les détournements de véhicules sont de plus en plus courants à Liancourt
Manm yo nan gang « Kokorat san ras » mete lapat samdi 4 fevriye ki sot pase a sou 2 bis nan Lyankou ki te gen ladan yo yon senkantèn pasajè daprè sendikalis Méhu Changeux ki konfime nouvèl sa.
Prezidan sendika Asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti yo (APCH) konfime enfòmasyon sou anlèvman de machin ak tout pasajè sa yo nan Lyankou wikenn ki sot pase a kote chofè yo t ap refize wout ki pase Kanaran an.
Daprè Méhu Changeux, bandi ak gwo zam ki nan gang « Kokorat san ras » mete lapat sou de machin sa yo ki se yon bis Patrick Coach Line ki fè trajè Pòdepè/Pòtoprens ak yon lòt ti piti ki asire Senmak/Pòtoprens kote nan yo de a te gen anviwon 50 moun.
Daprè sendikalis la, ravisè yo toujou poko poze kondisyon pou liberasyon moun sa yo ansanm ak de machin sa yo ki toujou nan men manm gwoup ame sa k ap opere nan depatman Latibonit.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.