Otorite yo sousye sèlman de pwojè pèsonel yo, daprè kèk Òganizasyon dwa moun 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
otorite yo sousye sèlman de pwojè pèsonel yo, daprè kèk Òganizasyon dwa moun 
Kolektif Òganizasyon pou Defans Dwa Migran ak Repatriye yo (CODDEMIR) ak Solidarite Òganizasyon Ayisyen pou Defans Dwa Moun (SOHDDH) nan yon nòt konjwen, pibliye ayè dimanch 5 fevriye a fè konnen, otorite Ayisyen yo sousye sèlman de pwojè pèsonèl yo ak fanmi yo pandan y ap menase siviv sosyete a. Òganizasyon sa yo lanse yon kri alam bay sosyete sivil la pou l pran responsablite l.
Nan nòt sa a, CODDEMIR ak SOHDDH montre sitiyasyon sonm peyi a ap fè fas la, kote depi plizyè mwa, yon seri evènman revòltan ak degradasyon frape popilasyon ayisyen an nan kè, kote yo touye polisye ak sivil.  Daprè  Òganizasyon dwa moun sa yo malgre pwomès otorite yo, sitiyasyon an pa amelyore, okontrè li vin pi mal.
« Yon douzèn ofisye polis yo te asasinen nan yon espas kèk jou nan kòmansman ane a.  Sitwayen yo ap kidnape tout lajounen, menm anndan lakay yo pi fò nan tan yo », te deplore CODDEMIR ak SOHDDH, tout pandan yo fè konnen yo denonse epi kondane rejim laterè sa a k ap domine an Ayiti a, k ap  vyole dwa moun nan.
Yon lòt, Kolektif Òganizasyon pou Defans Dwa Migran ak Rapatriye yo (CODDEMIR) ak Solidarite Òganizasyon Ayisyen pou Defans Dwa Moun (SOHDDH) di daprè obsèvasyon yo, otorite yo sèlman sousye de pwojè pèsonèl yo ak fanmi yo, tout pandan yo kontinye pou yo di, Ayiti pa menm ka konte sou sipò kominote entènasyonal la.
Nan sans sa a,  Òganizasyon dwa moun sa yo mande sosyete sivil la pou l pran responsablite l. « Twòp vi popilasyon an gaspiye.  Konpatriyòt nou yo bouke.  Otorite yo oblije kite peyi », mande Kolektif Òganizasyon pou Defans Dwa Migran ak Rapatriye yo (CODDEMIR) ak Solidarite Òganizasyon Ayisyen pou Defans Dwa Moun (SOHDDH).

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.