Fè pèp la danse kanaval nan ensekirite, youn nan priyorite Leta ayisyen pa negosye 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Credit Photo : Ticket Magazine - @amazanphotography
Pou ane 2023 a p ap gen kanaval nasyonal sou teritwa a, yon desizyon Leta ayisyen pran an rezon kriz peyi d Ayiti ap konfwonte, patikilyèman akòz ensekirite a k ap panpannen kò l nan tout rakwen.
Toutfwa « pa gen kanaval nasyonal pa vle di p ap gen kanaval ditou » paske « fè pèp la danse nan ensekirite, grangou ak lamizè, se yon priyorite pou Leta ayisyen atravè lidè minisipal yo ».
Wi, byenke gouvènman ayisyen an te anonse li pa deside òganize manifestasyon kiltirèl sila sou teritwa a, swa pou montre l gen lòt okipasyon ki pi enpòtan, sa pa anpeche plizyè vil pran desizyon pou yo òganize kanaval pa yo apa. Yon mezi Leta otorize san plenyen !
Òganizasyon kanaval la nan peyi a te toujou rete yon sous konfli nan tan pase yo, nan yon premye tan, sitou akòz evennman sila potko desantralize – sa vle di se nan Lwès la kanaval te konn òganize sèlman.
Se avèk ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, nan lane 2012, evennman sila ta pral fèt nan plizyè lòt vil peyi a tankou Okay (2012), Okap (2013), Gonayiv (2014), jiskaske pratik sila pran chè epi lakòz vil Pòtoprens te prive de kanaval li, meri lòt komin ki nan anviwon l yo tankou Petyonvil, Delma ak Kafou te òganize pwòp kanaval pa yo yon semèn avan.
An 2015, kanaval la te retounen Pòtoprens, ki te tou òganize yon defile ki lye ak festivite sila yo ane swivan an. Nan lane 2017, nouvo gouvènman, nan tèt li regrete memwa Jovenel Moïse, te deside fè l Okay pou te remonte pant ekonomik zòn sila aprè siklòn Matthew te fin sakaje gran Sid la an Oktòb 2021. Aprè sa Pòtoprens te vin gen dwa pou akeyi kanaval la ankò an 2018.
An 2019, kanaval nasyonal ki te dwe fèt nan Gonayiv te blije anile, lè sa peyi a te kòmanse ap fè fas ak yon kriz sosyal ak politik aprè divès gwo manifestasyon nan lari a te kòmanse òganize kont rejim Tèt Kale 2yèm vèsyon an, sa ki te deranje tout aktivite yo ni nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo. Lè sa pèp la te wè tout bagay, sof plezi. Sepandan, Jakmèl te òganize kanaval li 24 fevriye menm ane a.
Lòt vil tankou Okap (Nò), Okay (Sid), Kafou (Pòtoprens), Sen Mak (Latibonit), pami kèk lòt minisipalite, te deside swiv tradisyon an epi òganize ti kanaval pa yo apa. Depi lè sa a, chak komisyon minisipal gendwa òganize kanaval lakay yo si yo vle.
Pou kounye a nou nan lane 2023, kriz ki t ap evolye ane pase yo sanse rive nan yon nivo pèsòn pako janm wè, menm si tout moun konnen pita ka pi tris.
Ensekirite a fè plis viktim ; peyi a ajenou : sistèm sante, levasyon ak anviwònman an yo pèdi tout bon sans yo, patikilyèman akòz aktivite banditis yo nan kapital la Pòtoprens ak nan vil pwovens yo. Malgre tout sa yo, pyès otorite pa wè nesesite pou dekrete yon eta dijans sou teritwa a, an pèmanans pou retabli lòd ak sekirite kay popilasyon an.
Malgre lapolis paka pote yon repons ak gang yo – paske li menm tou li pa sispann viktim akòz ensekirite a, sitou depi kòmansman ane a avèk lanmò omwen 15 polisye – gouvènman anplas la ki gen nan tèt li Ariel Henry pa janm pran yon mezi drastik pou mete lòd nan dezòd. San konte polisye yo ki nan lari a ki divize sou kèk desizyon avèk Wo kòmandman PNH la. Yon pozisyon ki lakòz gwo dega fèt nan kè Pòtoprens lan, sitou avèk mouvman Fantom 509 la.
Nasyonzini, pandan l t ap pwononse l sou sitiyasyon peyi a nan fen lane 2022, te fè konnen « gang yo okipe 60% nan teritwa yo », sanble chif sila pa sifizan pou kriminèl yo ki vle mennen zak yo pi lwen toujou. Aktyèlman pa gen pyès sektè ki epanye anba ensekirite a : anba kou anwo viktim, pa gen ni boujwa, ni soyèt, pou kounye a « malfini vole li pran ni poul, ni pay ».
Anpil Ayisyen pa wè nesesite pou ta genyen kanaval ane sa, menm si gen lòt depi se pa yo oubyen yon fanmi yo ki viktim, peyi a te mèt kraze. Nan lari Pòtoprens, plizyè nan yo eksplike nesesite pou ta genyen yon poz ki pran nan òganizasyon kèk evennman popilè, pami yo kanaval la.
« Ane sa menm pou dan griyen pyès meri pa t sipoze nan òganize kanaval. Moman sa se moman pou pèp la pran desten l an men » : Keyshia Jean Pierre, yon jenn aktivis 26 lane, nou rankontre sou Chanmas, t ap montre nan ki nivo fristrasyon an sakaje l.
« M pa gen pwoblèm ak moun ki renmen plezi, men èske moman an pwopis pou sa. Frè n ak sè n ap mouri epi pou n gen kè n ap danse » : deklarasyon Mahotière Patrick, ki gen 34 lane
« Leta entelijan, li ofri ti pèp la plezi pou yo ka bliye li, pandan l ap pran desizyon malouk pou toufe pèp la » : yon ti machann pistach tou pre plas konstitisyon an, ki pote non « Sara »
« Yon kategori ap sove kite peyi a, yon kategori ap danse, pandan bandi ap touye nou grenn pa grenn. Ou wè ti pèp sa tèt li dwat » : sa a, se opinyon yon polisye nou chwazi rele X
Youn nan pi bon repons Leta ayisyen bay atravè kanal ministè Kilti se te « reyalizasyon kanaval la pèmèt sektè touris la fè kòb, anplis resèt li pèmèt minisipalite kote yo òganize li a fè. Men sa fè konbyen lane depi sektè touris la ap bwete jiskaske pye l kase akòz kidnapin, vyòl, vòl ak ka asasina ki anrejistre nan 4 kwen teritwa. Nivo ensekirite a nan peyi d Ayiti lakòz plizyè peyi nan Amerik la, nan Karayib yo ak an Ewop, mande sitwayen yo pou pa pile ti bout tè sa menm pou dan griyen. Kidonk Ayiti klase nan zòn wouj pou peyi sila yo.
Plizyè nan sitwayen ki reponn kesyon nou yo wè gen yon nesesite pou tout ministè yo t ap mete tèt yo ansanm pou ede PNH la, kòm yon enstitisyon endepandan, vin pi pèfòman. « Pèfòmans sila ap itil ni Leta ni pèp la », daprè eksplikasyon plizyè nan yo.
Men malerezman, otorite anplas yo pito chita ap tann èd nan men kominote entènasyonal la pandan fòs lòd yo ap pèdi kontwòl teritwa yo piti piti.
Toutfwa n ap raple, peyi lòk pa janm anpeche gen kanaval, pandemi kowonaviris la pat anpeche gen kanaval nan moman tout mond lan te anile l, asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la pa t rive fè l non plis, èske se ensekirite a k ap rive fè Leta ayisyen anile youn nan pi gwo manifestasyon kiltirèl ki toujou reyini plizyè milye moun sou teritwa a ? Si se wi, nan ki enterè ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.