Gwoup gang yo k ap opere nan katye “Ti Bwadòm” detounen yon bis ki soti nan sosyete transpò “La Genèse”, ki asire wout Pòdepè pou Pòtoprens, anviwon yon trantèn pasaje ki te abò bis sila a kidnape ayè samdi 22 oktòb 2022 a, endividi ak zam nan lokalite “Ti Bwadòm” se lotè zak sila a. Selon sa a plizyè sous lokal konfime nou.
Bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo nan lokalite “Tibwadòm”, relanse yo nan zak briganday yo ak anlèvman, ayè samdi a yo detounen yon bis transpò piblik ki rele “La Genèse”, Ki abitye asire wout Pòdepè pou Pòtoprens.
Selon konfimasyon divès sous lokal pami yo Radyo “Métronome” ki te fè yon Tweet sou dram nan.
Selon sous nou site a, otobis la te genyen anviwon 30 pasaje abò l, nan moman malfwa yo ta pral pran bis sa a an otaj pou rantre nan patiraj yo ak li.
Ravisè yo mande yon sòm 500 mil goud pou libere chak grenn nan pasaje yo. Ekri sous sa a sou kont Twitter li.
Facebook Comments