Wout nasyonal #1 an koupe an de nan nivo pon Bwadòm 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
wout nasyonal #1 an koupe an de nan nivo pon bwadòm 

Gwo lapli ki pa t sispann tonbe sou rejyon Nò peyi a semèn ki sot pase a lakoz pon Bwadòm nan plonje, sa ki koupe wout nasyonal nimewo 1 an epi paralize sikilasyon nan perimèt sa. 

Minis MTPTC a Rosemond Pradel ki enfòme de sitiyasyon an mande Direksyon depatmantal Nò a evalye byen rapid dega yo epi gade ki entèvansyon ki kapab fèt pou retabli sikilasyon machin ak moun nan rejyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Apre evalyasyon yo, teknisyen rejyonal MTPTC ki asosye ak Inite kontwòl egzekisyon kreye mwayen pou pèmèt gen yon lòt wout ki degaje pou moun ak machin ki abitye itilize pon an kapab jwenn posiblite travèse san twòp difikilte epi fasilite aktivite ekonomik ak sosyal yo rapouswiv nan depatman an. 

Toutfwa, nan yon reyinyon travay ki òganize sou direksyon minis Pradel, avèk Direksyon transpò epi Inite kontwòl egzekisyon, responsab yo t ap debat sou ki mwayen yo kapab jwenn pou konstwi yon pon definitif k ap kapab fè fas ak move tan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.