Kidnape depi 2 semèn, direktè « SAM Anbilans » lan ak chofè li toujou nan men ravisè yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kidnape depi 2 semèn, direktè sam anbilans lan ak chofè li toujou nan men ravisè yo 

Ralph Sénécal, ki se pwopriyetè konpayi anbilans SAM ansanm ak chofè li André, bandi ak zam te kidnape depi samdi 8 oktòb 2022, toujou nan men ravisè yo. Kidnape sou wout nasyonal nimewo 8 nan zòn Gantye komin Kwadèboukè, viktim yo toujou nan men ravisè yo ki pa sispann egzije gwo ranson pou libere yo. 

Plizyè sous lokal te deja konfime ki gwoup gang ki te Kidnape pwopriyetè a ak chofè a,  gwoup gang « 400 mawozo » a ki achte komin sila a ak lajan kontan genyen dwèt yo tranpe byen long nan anlèvman sila a. Ravisè yo te deja egzije yon sòm 500 mil dola vèt pou libere otaj yo ki, malerezman poko janm wè koulè syèl la depi anviwon 2 semèn. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ralph Sénécal, ki se lokaltè SAM Anbilans, ansanm ak chofè li André Bazin. 2 viktim yo te sou wout pou al depoze de pasyan, daprè premye eleman enfòmasyon nou yo. 

Yon fanmi pwòch Viktim yo te konfime Laprès enfòmasyon an. Selon sa l di « Se mesye bandi  « 400 Mawozo » yo ki dèyè sèn nan.» Se li menm tou ki te konfime kidnapè yo reklame yon sòm 500 mil dola meriken pou  libere otaj yo. 

Nap raple, yo te kidnape viktim yo sou wout nasyonal nimewo 8 la nan zòn Gantye komin Kwadèboukè nan moman yo t ap tante sove lavi yon pasyan ki te malad byen mal, jiskaprezan Viktim yo toujou poko konn dat liberasyon yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.