Bandi ak zam sasinen yon ti bis anba bal nan zòn Chann Mas

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi ak zam sasinen yon ti bis anba bal nan zòn chann mas
Kèk tan aprè dram ki pase sou wout Kanapevè a, bandi ak zam abò yon machin gaye bal sou yon ti bis nan zòn Chann Mas, ensidan sa a pase touprè makèt Roi Des Rois a, madam Nichol k ap travay kòm chèf disiplin primè nan Collège Le Normalien, ta viktim yon bal nan tèt daprè premye eleman enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Netalkole Media.
Ensekirite a jeneralize nan tout kò peyi a, chak solèy leve sou peyi a se dèy ki kouche l, depi 2è nan maten jodi lendi sa a, sal nouvèl yo ak jounal anliy yo pa trete lòt dosye. Aprè popilasyon k ap viv nan katye Kanapevè ta etenn souf yon dizèn swadizan bandi ki t ap pwomennen ak plizyè zam fann fwa nan men yo, kèk endividi abò yon machin simen katouch sou yon ti bis ki t ap pran direksyon Pòtay Leyogàn.
Plizyè moun nan bis la sòti blese, pami yo chèf disiplin primè nan Collège Le Normalien an, Madam Nichol, enfòmasyon yo revele li pran yon bal nan tèt, genyen ki fè kwè viktim ki t ap sot travay ki te nan bis la, mouri depi nan machin nan, plizyè ajan sekirite makèt Roi Des Rois ki te nan espas la blese pandan atak sila a.
Li enpòtan pou n raple, ensekirite a rive nan yon nivo ki depase dirijan yo k ap dirije peyi a, zam ak bal k ap rantre nan peyi a pa sou kontwòl ak siveyans pyès enstans legal, okontrè, bandi fè lalwa jan yo pi pito an absans leta, se popilasyon an k ap fòse defann tèt yo jan yo kapab. Antouka, se mèt kò ki veye kò, chak jou ki pase leta ap fè prèv inyorans li ak feblès li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.