Popilasyon Bonrepo a òganize yon manifestasyon pasifik kont ensekirite

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
popilasyon bonrepo a òganize yon manifestasyon pasifik kont ensekirite

Pou denonse klima ensekirite a k ap dejenere nan rejyon Laplèn lan, plizyè santèn manm popilasyon Bonrepo a te pran lari ayè dimanch 23 avril la nan kad yon manifestasyon pasifik.

Sou siveyans ajan lòd soukomisarya Bonrepo yo, sitwayen sa yo te pran lari pou mache sou plizyè dizèn mèt nan lokalite sa pou denonse bandi ak zam ki pa sispann teworize yo nan rejyon Laplèn lan depi kèk tan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Rejyon sa ki te genyen lavi trankil pandan plizyè ane, prensipalman avan tranblemanntè 12 janvye 2010 la, ap viv jounen jodia yon sitiyasyon difisil avèk gwoup ame ki anvayi prèske tout espas la.

Se te okazyon egalman pou patisipan yo te lanse kèk pawòl piman bouk sou dirijan ayisyen yo, sitou manm gouvènman yo, ki pa manifeste okenn enterè pou retabli sekirite sou teritwa nasyonal la ki gen yon bon pati sou kontwòl gang.

Otorite Lapolis yo ki t ap asire sekirite manifestan yo, felisite dewoulman mach sa ki te reyalize san kraze brize pandan tout pakou an epi ankouraje kolaborasyon fòs lòd yo ak popilasyon an ki fondamantal nan kad batay kont ensekirite an.

N ap raple, Bonrepo kote mach sa t ap òganize ayè dimanch lan genyen ladan l plizyè lokalite tankou Kanaran, Jerizalèm, Koray ak Onavil ki, depi kèk tan, sou kontwòl youn nan gwoup gang k ap fè pale de li dènye tan sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.