Lapolis nan peyi Itali sanksyone 171 fanatik Juventus pou koze rasis

Netalkole Media
ParNetalkole Media
lapolis nan peyi itali sanksyone 171 fanatik juventus pou koze rasis

Nan kad demi final Koup Itali a ant Inter ak Juventus 4 avril ki sot pase a, atakan Inter Milan, Romelu Lukaku te viktim rasis nan vye pawòl ak kri makak fanatik Juventus yo tap fè nan estad la. Aprè konpòtman sa, lapolis nan vil Turin an soti yon lis 171 moun ki fè aksyon sa. Moun sa yo p ap ka antre estad anko.

Aprè atakan Bèlj la, Romelu Lukaku te fin ensilte nan demi final Koup Itali a, nan rankont Juventus-Inter Milan an. Lapolis entèdi jodi lendi a 171 moun pou yo pa antre nan estad, pou vye pawòl rasis ak kri makak yo tap lanse bay ansyen jwè Chelsea a, 4 avril ki sot pase a. Men dire pou yo pa mete pye yo nan estad la pa presize.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men sa kominike lapolis vill Turin an ekri : “Aprè kri makak ak vye pawòl rasis nan match ale Koup Itali a, 4 avril pase a. Lapolis nan vil Turin bay yon lis 171 sipòte Juventus ki p ap gen aksè antre nan estad. Kri makak AK ensilt sa yo se te kont Lukaku aprè l te fin egalize pou ekip li sou penal, nou rive jwenn moun sa yo nan plizye videyo nou te analize”

Men jwè a te sanksyone pou yon match aprè li te fin fè gòl pou fason li te selebre l la. Prezidan Federasyon Italyen an te mande sanksyone Lukaku paske l te reponn ak pawòl rasis sipòte Juventus yo. Men sa pap anpeche jwè a prezan pou Inter Milan kap resevwa Juventus pou retou demi final Koup Itali a, mekredi kap 26 avril 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.