Bandi antre epi kidnape yon moun nan lekòl Jacques Stephen Alexis an

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi antre epi kidnape yon moun nan lekòl jacques stephen alexis an

Bandi ak zam nan zòn Bon Repo, nan komin Kwadèboukè antre epi kidnape yon sitwayen byen bonè dimanch 18 jen 2023 a andedan lokal lekòl Jacques Stephen Alexis an.

Daprè plizyè temwen li te nan lè 8è nan maten , lè plizyè endividi ak gwo zam fann fwa te antre nan espas la, yo ta fòse plizyè jèn ki t ap jwe foutbòl kouche plat atè sou vant, epi ale ak viktim yo an . Pou kounya redaksyon an poko an mezi idantifye viktim lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon nouvo ka kidnapin ki montre nivo kran bandi yo ak non respè kèk espas . Nou ta dwe remake tou, depi lanse mouvman “Bwa kale” a, ka kidnapin yo te kòmanse diminye anpil nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. Alòske, nan kèk katye ki genyen gang k ap teyorize ladan yo chak jou, job sal sa a sanble ap reprann tipa tipa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.