Tòsèl : Bandi kidnape Direktè rejyonal APN Okap la, epi egzije gwo sòm lajan pou libere l

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
tòsèl bandi kidnape direktè rejyonal apn okap la, epi egzije gwo sòm lajan pou libere l

Bandi ak zam kidnape samdi 17 jen 2023 a direktè rejyonal Otorite pò nasyonal Okap la (APN), Pierre Richard Joseph. Aksyon an pase nan zòn Tòsèl ki twouve l ant Petyonvil ak Taba. Viktim lan te gen avèk li chofè l ki malerezman pèdi lavi l sou plas.

Sa pase nan komin Taba, pi presizeman nan Tòsèl, bandi ak zam yo idantifye kòm manm gwoup gang “Kraze Baryè” kontinye ap enpoze lwa yo nan anviwon sila a. Ayè samdi an, direktè rejyonal Otorite pò nasyonal Okap la (APN), Pierre Richard Joseph, ansanm ak chofè li, te sib malfra san manman yo. Anplis vyolasyon pwopriyete prive, boule kay, kidnapin se youn nan pratik malonèt malvenyan yo pa sispann pratike sou popilasyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Samdi 17 jen pase a, nèg ak zam yo idantifye kòm sòlda Vitelhomme Innocent, kidnape direktè rejyonal Otorite Pò Nasyonal Okap la (APN), nou vle pale de mesye Pierre Richard Joseph. Yo ta egzije gwo sòm lajan pou libere l, daprè sa nou aprann.

Enfòmasyon yo rapouswiv pou fè konnen chofè ki te akonpanye direktè a mouri asasinen anba bal mesye ak zam sa yo. Pou liberasyon direktè a ki jiskaprezan nan men mesye sa yo, yo ta egzije gwo sòm lajan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.